Se te yon ti fi ki te wè an premye yon fòm dwòl nan distans lan.
有个女孩最先发现了远处有个奇怪的身影。
Plis fòm nan tap vanse plis li wè ke se yon madanm gwo vant anpil kap mache sou yo.
那个身影越靠越近,她看清楚了,那是一个快生孩子的妇女。
Ti fi a te timid men li te brav tou, li proche pi pre madanm nan. Moun yo ki te avèk li deside “Fòke nou kenbe li avèk nou,” Nou pral mete’l ak pitit li nan sekirite.”
Madanm nan kòmanse gen tranche. “Pouse!” “Pote kouvèti!” “Dlo!” “Pouuuuusssssee !!!”
孩子很快就要降生了。“用力啊!”“快拿毯子来!”“水!”“再用点力!”
Men lè yo wè ti bebe a, yo tout sezi “Yon bourik?”
当他们看到孩子时,所有人都吓了一跳,“一头驴?”
Moun yo kòmanse diskite. “Nou te di nou tap kenbe manman an ak tout pitit li an sekirite kidonk se sa nou pral fè”. Men kèk lòt moun di “Bagay sa a pral bannou devenn!”
Se konsa, manman an vin jwenn li pou kont li ankò. Li pate konnen kisa pou’l te fè ak pitit dwòl sa a, kisa pou’l fè ak tèt li.
妇女发现自己又孤零零一人了。她不知道该拿这个奇怪的孩子怎么办,她也不知道自己该怎么办。
Li reyalize finalman ke se pitit li e ke li se manman an.
最后,她决定接受这个孩子,做他的妈妈。
Si pitit la pate grandi sa pa ta yon pwoblèm men pitit lan kòmanse grandi, grandi jis li pa te kapab rete sou do manman’l ankò. Malgre tout sa li fè li pat kapab aji tankou yon moun. Manman an te fatige ak tris toutan. Gen defwa li fè timoun lan travay tankou yon bèt.
Bourik la vin wont sa’l fè a enpi li tonbe kouri, kouri, kouri.
驴孩子羞愧极了,他逃跑了,跑得越远越好。
Lannwit tonbe, bourik la pèdi. “Hi han?” li di tou ba nan fè nwa a. “Hi han” li tande vwa li ap repete. Li te pou kont li. Li mete kò li tankou yon boul enpi li tonbe dòmi ajite.
Lè li leve li wè yon mesye dwòl kap fikse li. Li gade granmoun nan nan je enpi li kòmanse santi yon ti espwa.
驴孩子醒了,他发现有个老人低头盯着他。他看着老人的眼睛,感觉到了一丝希望。
Bourik lan ale rete kay granmoun nan ki aprann li plizyè jan pou li degaje’l viv. Bourik lan koute, li aprann e li fè sa granmoun nan di li. Yonn ede lòt enpi yo ri ansanm.
Yon maten, granmoun nan mande bourik la pou li pote’l sou tèt yon mòn.
一天早上,老人让驴孩子带他到山顶。
Granmoun lan ak bourik lan tonbe dòmi sou tèt mòn sa a. Bourik lan reve ke manman’l te malad, li tap rele li. Lè li leve …
他们登上山顶,环绕在云雾中,睡着了。驴孩子梦到他的妈妈生病了,正在呼唤他,然后他就醒了……
… nyaj yo te disparèt ansanm ak granmoun lan.
……云雾消失了,他的朋友——那个老人——也消失了。
Kidonk, Bourik la te konnen sa pou’l te fè.
驴孩子终于知道要做什么了。
Li jwenn manman li kite pou kont li ak anpil lapenn. Yo gade yon lòt nan grenn je pandan yon bon moman enpi manman louvri de bra li pou’l akeyi pitit li.