下载 PDF
返回故事列表

Poul ak Annipye 鸡和千足虫

作者 Winny Asara

插图 Magriet Brink

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Poul ak Annipye te zanmi. Men yo te toujou nan konpetisyon yonn ak lòt. Yon jou yo deside jwe foutbòl pou wè kiyès ki pifò.

鸡和千足虫是好朋友,但是它们又互相竞争。有一天,它们决定进行一场足球比赛,看看谁是最棒的球员。


Yo ale sou teren foutbòl enpi yo kòmanse jwe. Poul la te rapid men Annipye te pi rapid toujou. Poul la choute boul la byen lwen men Annipye choute’l pi lwen toujou. Poul la kòmanse fache.

它们去了球场,开始比赛。鸡跑得飞快,但是千足虫跑得更快。鸡把球踢得很远,但是千足虫踢得更远。鸡开始有点闷闷不乐。


Yo deside ale nan penalite. Annipye te gadyen bi nan pwemye tou a. Poul la bay yon gòl. Koulyè a se Poul la ki gadyen bi an.

最后,它们决定来一场点球大战。第一轮中,千足虫当守门员,鸡只拿到了一分。然后,在第二轮中,鸡做守门员。


Annipye choute boul la enpi li bay yon gòl. Annipye bay yon lòt gòl. Annipye kouri ak boul la nan pye’l enpi li bay yon twazyèm gòl. Nan total, Annipye bay senk gòl.

千足虫猛地一踢,球进了。千足虫运球飞快,又进了一球。千足虫跳起来,打了个头球,又得了一分。千足虫一共得了五分。


Poul la tèlman fache ke li pèdi. Li pa renmen pèdi. Annipye tonbe ri lè li wè zanmi li an fache.

鸡输了,它很生气。千足虫哈哈大笑,因为它的朋友输了球,就无理取闹。


Poul lan te si tèlman fache ke li louvri bèk li li pou’l vale Annipye.

鸡生气极了,它张开嘴,一口把千足虫吞了下去。


Pandan poul lan tap mache pou ale lakay li, li kwaze ak manman Annipye. Manman an mande li “Ou pa wè pitit mwen an?” Poul la pa reponn anyen. Manman Annipye vin sispèk yon bagay.

鸡回家的路上,遇到了千足虫妈妈。千足虫妈妈问它:“你看见我的孩子了吗?”鸡什么都没说,千足虫妈妈很担心。


Se konsa, manman Annipye tande yon ti vwa kap di. “Ede’m manman!”. Manman an vire tèt li tout bò pou’l tande kote vwa sa a te sòti. Vwa a te soti anndan vant poul la.

千足虫妈妈突然听到了一阵微弱的声音:“快帮我,妈妈!”千足虫妈妈看了看周围,仔细地听着,声音是从鸡身体里传出来的。


Manman Annipye rele byen fò, “Sèvi ak pouvwa ou genyen an pitit mwen!”. Annipye yo gen pouvwa degaje move lodè ak move gou. Poul la kòmanse pa santi’l byen.

千足虫妈妈大喊道:“快用你神奇的能力!”千足虫会产生一种很难闻的味道,会让鸡觉得很恶心。


Li kòmanse rann gaz, li krache, li ekstènye enpi li touse…touse…touse. Annipye te gen move gou!

鸡打了一个嗝,咕噜咕噜要吐了,又是打喷嚏又是咳嗽。千足虫太恶心了!


Poul la tèlman touse ke Annipye sòti nan vant li. Manman Annipye ak pitit li ranpe al kache anba yon pyebwa.

鸡不停地咳嗽,直到把千足虫从胃里咳了出来。千足虫妈妈和孩子赶紧爬上树,藏了起来。


Depi jou sa a, poul ak annipye enmi.

从此以后,鸡和千足虫就变成了敌人。


作者: Winny Asara
插图: Magriet Brink
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书Chicken and Millipede
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF