下载 PDF
返回故事列表

Jou mwen kite lakay mwen pou’m ale lavil 离家进城的那一天

作者 Lesley Koyi, Ursula Nafula

插图 Brian Wambi

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Ti estasyon otobis la nan kominote kote’m rete a chaje ak moun ak otobis. Atè a te chaje ak bagay pou mete nan otobis yo. Machann tikè yo tap rele non kote otobis yo ta prale.

在我生活的村庄里,有一个小小的大巴车站。大巴车站虽然小,但是人来车往,非常热闹,地上常常堆满了装载的货物,售票员叫喊着大巴车开往的方向。


“Lavil! Lavil! Direksyon lwès! Yonn nan machann yo di non kote mwen ta prale a.

我听到售票员喊“进城啦!进城啦!往西去!”这就是我要乘坐的大巴车。


Otobis lavil la te prèske plen, men moun tap pouse toujou pou yo monte. Kèk nan yo mete sak yo anba otobis la, lòt te mete pa yo sou etajè anndan otobis la.

进城的大巴车几乎坐满了,但是人们还是不停地往里面挤。一些人把行李放在车顶,还有一些人把行李放在车厢里的架子上。


Nouvo pasaje yo kenbe tikè yo di nan men yo pandan yap chache kote pou yo chita nan otobis la. Fanm ak jèn timoun tap ranje kò yo pou vwayaj long sa a.

刚上车的乘客们紧紧地抓着他们的车票,在拥挤的车厢里寻找座位,带着小孩的妇女们都坐得舒舒服服的。


Mwen chita bò kote yon fenèt. Yon granmoun te chita akote’m. Li tap kenbe yon sak plastik vèt byen fèmen. Li te gen vye sapat nan pye’l ak yon manto chire. Li te gen yon jan eksite.

我挤到了窗边的一个座位里。旁边的乘客紧紧地抓着一个绿色的塑料包裹。他穿着破旧的凉鞋和外套,看起来很紧张。


Mwen gade deyò enpi se lè sa mwen santi ke mwen tap kite kominote mwen an, kote’m te grandi. Mwen ta pral lavil.

我朝窗外看去,这才意识到,我正在离开我长大的村庄,我要进城了!


Otobis lan te fin plen. Tout pasaje yo te chita. Machann lari tap eseye pase nan koulwa a pou yo vann dènye machandiz yo. Chak moun tap rele non machandiz pa yo. Pou mwen tout mo sa yo te komik.

货物都装载完了,乘客们都坐好了。小商贩们还在努力地挤到车厢里,向乘客们大声叫卖着货物。他们的话听起来怪好笑的。


Kèk pasaje tap achte bwason oswa ti manje. Men, moun ki pa te gen lajan, tankou mwen, rete gade.

有一些乘客买了饮料,还有一些乘客买了零食,正准备拆开来吃。像我一样没有钱的人只能看着。


Tout aktivite kanpe lè otobis la kòmanse klaksonen, sa vle di ke nou pare pou’n ale. Machann tikè yo mande machann lari yo sòti nan otobis la.

大巴车滴滴叫了两声,要开了,小商贩的活动戛然而止。售票员喊着,赶他们下车。


Machann yo tap batay pou yo sòti. Kèk nan yo tap remèt klyan lajan alòs ke lòt tap fè dènye tantativ pou yo vann ankò.

小商贩们推推搡搡下了车。一些人还在忙着找零钱,还有一些人赖着想最后再做点生意。


Lè otobis la kite estasyon an, mwen gade deyò epi mwen mande tèt mwen si’m tap janm tounen lakay mwen ankò.

大巴车缓缓离开了车站,我看着窗外,不知道今后会不会有机会回来了。


Li te kòmanse fè cho nan otobis la. Mwen fèmen je’m pou’m eseye dòmi.

旅程渐渐展开,车厢里慢慢热了起来,我闭上眼睛,想小睡一会儿。


Men, lespri’m toujou tounen sou lakay mwen. Èske manman’m an sekirite? Èske lapen mwen yo ap bay lajan? Èske frè’m ap sonje wouze ti pyebwa mwen te plante yo?

但我的思绪却飞回了家。我的妈妈安全吗?我的兔子会卖了赚钱吗?我的弟弟会帮着给小树苗浇水吗?


Sou wout la, mwen tap sonje adrès kote tonton’m nan rete lavil. Mwen tap repete non an nan tèt mwen epi mwen tonbe dòmi.

在路上,我努力记住我叔叔在城市里的地址。我迷迷糊糊地说着地址,沉沉地睡去。


Nèf èdtan apre, mwen leve lè mwen tande yon moun ap rele non pasaje yo. Mwen ranmase ti sak mwen epi’m desann otobis la.

过了九个小时,我被售票员的叫喊声吵醒了,他在喊乘客坐车回村庄。我一把抓住我的包,跳下了车。


Otobis retou a te plen deja. Li te pare pou’l tounen nan direksyon lès. Sa ki te pi enpòtan pou mwen lè sa a se te kòmanse chache lakay kote tonton’m nan rete.

回程的大巴车很快就坐满了,不久就要开回东边的村庄去了。对我来说,现在最重要的事情就是找到我叔叔的家。


作者: Lesley Koyi, Ursula Nafula
插图: Brian Wambi
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书The day I left home for the city
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 4.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF