下载 PDF
返回故事列表

Poul ak Eg 母鸡和老鹰

作者 Ann Nduku

插图 Wiehan de Jager

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Nan tan lontan, yon poul ak yon èg te zanmi. Yo te viv anpè ak tout lòt zwazo yo. Men, yo pa te kapab vole.

很久很久以前,母鸡和老鹰是好朋友。他们和其他的鸟儿住在一起,相安无事,但是他们都不会飞。


Yon jou, peyi a te nan grangou. Eg lan te blije mache byen lwen pou’l jwenn manje. Lè li tounen li te bouke anpil”. Li di tèt li: « Fòke mwen jwenn yon lòt jan pou’m vwayaje!”.

有一天,他们住的地方发生了饥荒。老鹰要走很远很远的路才能找到食物。她回来的时候看起来非常疲倦。老鹰说:“这样走太累了!肯定有一种更省力的方法。”


Apre yon bon nwit dòmi, poul la leve ak yon bèl lide. Li rasanble tout plim zanmi zwazo yo ki te tonbe atè : “Annou koud tout ansanm sou nou… petèt na kapab vwayaje pi fasil.”

母鸡饱饱地睡了一觉,想到了一个好主意。她开始搜集其他鸟儿掉下来的羽毛,说:“让我们把这些羽毛都缝在我们身上吧,也许这样我们走路就不吃力了。”


Eg lan te sèl ki te gen zegwi, se konsa li kòmanse koud an premye. Li fè de bèl zèl pou tèt li enpi li vole byen wo sou poul la. Poul la prete zegwi a men li vin fatige koud. Li depoze zegwi a nan yon bol enpi lale nan kizin nan pou’l fè manje pou pitit li yo.

老鹰是村庄里唯一一个有银针的,所以她第一个开始缝羽毛。她给自己做了一双非常漂亮的翅膀,做完之后,在母鸡头上飞来飞去。母鸡问老鹰借了针,但她很快就厌烦了缝纫。她把银针留在柜子上,跑到厨房里,给她的孩子做饭。


Lòt zwazo yo te wè Eg tap vole byen wo. Yo mande poul la si yo te ka prete zegwi a tou pou yo fè zèl pou tèt yo. Se konsa tout zwazo kòmanse vole nan syèl la.

其他的鸟儿看到老鹰飞得又高又远,非常羡慕。他们问母鸡借了银针,这样他们也可以给自己做翅膀了。过了不久,其他的鸟儿也都能上天飞翔了。


Lè dènye zwazo a remèt zegwi la, Poul lan pate la. Timoun yo pran zegwi a, yo kòmanse jwe ak li. Lè yo bouke yo kite’l sou sab la.

当最后一只鸟儿归还银针的时候,母鸡不在家。她的孩子拿走了银针,玩来玩去。他们玩厌的时候,就把银针落在了沙地里。


Pita nan apremidi, Eg la tounen. Li mande kote zegwi la pou’l ranje kèk plim ki te dekole nan vwayaj li. Poul la gade nan bol la, li gade nan kizin nan, li gade nan lakou a men li pa janm jwenn zegwi a.

那天下午,老鹰回来了,她问母鸡要回自己的银针,因为她要修补一些松散的羽毛。母鸡找遍了柜子、厨房和后院,都找不到银针。


“Tanpri ban mwen yon lòt jou ankò” poul la mande. “Apre sa a, wap kapab ranje zèl ou pou’w ale chache manje ankò.” “Map ba ou yon grenn jou sèlman” Eg la reponn. “Si ou pa ka jwenn zegwi a ou pral blije ban mwen yonn nan ti poul ou yo kòm pèman.”

母鸡求老鹰:“再给我一天吧!明天你就能修补翅膀,飞着去找食物了。”老鹰说:“好,就一天。如果你找不到银针的话,你就要把一个孩子给我作为补偿。”


Lè Eg la vini nan lòt jou ki vini, li jwenn Poul la ap grate sab la men zegwi pate la. Se konsa ke Eg lan vole byen ba pou li pran yonn nan ti poul yo. Li pati avèk ti poul lan. Depi jou sa a, chak fwa Eg parèt li wè poul lan af fouye sab lan pou’l chache zegwi a.

第二天,老鹰来了,她看到母鸡正在沙地里翻来翻去,但是银针还是没有找到。老鹰从天上俯冲下来,抓了一只小鸡就飞走了。从那以后,无论老鹰什么时候出现,她都看到母鸡在沙地里找银针。


Lè poul lan wè lombraj zèl Eg la ap tonbe li kouri pran timoun li yo “soti sou teren vid sa a” Timoun yo reponn: “Nou konnen! N’ap kouri.”

当母鸡在地上看到老鹰的影子时,她就警告自己的孩子:“快躲起来!别呆在这空旷干燥的地上。”孩子们回答她说:“我们不是傻瓜,我们会跑的。”


作者: Ann Nduku
插图: Wiehan de Jager
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书Hen and Eagle
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF