下载 PDF
返回故事列表

Nozibèl ak twa cheve li yo 诺孜贝儿和三根头发

作者 Tessa Welch

插图 Wiehan de Jager

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Nan tan lontan, twa ti fi tal chache bwa nan yon rakbwa.

很久很久以前,有三个女孩,她们一起外出找柴火。


Te fè cho anpil jou sa a kidonk timoun yo desann nan rivyè a pou yal benyen. Yo jwe, yo voye dlo yonn so lòt, yo naje, yo amize yo nan dlo an.

天很热,她们跳下河游了个泳。她们一边游泳,一边嬉戏,溅出很多水花。


Briskeman, yo reyalize ke te kòmanse fè ta. Yo depeche yo tounen nan vilaj yo.

突然,她们意识到天已经很晚了,匆匆忙忙赶回村子。


Lè yo prèske rive, Nozibèl pase men li nan kou li enpi li wè ke li te bliye chenn li! Li mande zanmi li yo “Tanpri tounen avè’m ‘!”. Men zanmi yo reponn ke li te twò ta.

当她们快到家的时候,诺孜贝儿摸了摸她的脖子:她把项链落在了外面。于是她请求她的朋友们:“和我一起回去找找吧!”但她的朋友们都说太晚了。


Se konsa Nozibèl tounen larivyè a pou kont li. Li jwenn chenn li enpi li kouri pou’l ale lakay li. Men li pèdi nan mitan wout lan paske te fè nwa anpil.

诺孜贝儿一个人回到河边,一找到了项链,就赶忙回家,但天太黑了,她迷路了。


Pi lwen, li wè yon ti limyè kap klere yon ajoupa. Li kouri nan direksyon an enpi li frape sou pòt la.

她远远地看见有个小木屋,木屋里有一丝光亮。她跑到木屋门口,敲了敲门。


Li pa janm sezi konsa lè li wè se te yon chen ki louvri pòt la. Chen an mande’l “Ki sa ou bezwen?” Mwen pèdi sou wout mwen, mwen bezwen yon kote pou’m dòmi”, “Antre oswa map mòde ou!” chen an di li. Se konsa, Nozibèl antre nan ajoupa a.

诺孜贝儿吃了一惊,开门的是一只会说话的狗:“你来干嘛?”诺孜贝儿说:“我迷路了,我要找个地方睡觉。”狗回答说:“进来吧,不然我就咬你!”然后诺孜贝儿就进了屋。


Apre sa a, chen an di li “kwit yon manje pou mwen!” Nozibèl reponn “Men, mwen pa janm kwit manje pou chen” “Kwit oswa map mòde ou!”. Se konsa, Nozibèl kwit manje pou chen an.

狗说:“给我做饭!”诺孜贝儿回答说:“但我从来没有给狗做过饭。”狗说:“快做饭,不然我就咬你。”诺孜贝儿没办法,只能给狗做了一些吃的。


Apre sa a, chen an di li “Fè kabann nan pou mwen!” Nozibèl reponn, “Mwen pa janm fè kabann pou chen.” “Fè kabann lan oswa map mòde ou!”. Se konsa, Nozibèl fè kabann pou chen an.

狗说:“给我铺床!”诺孜贝儿回答说:“但我从来没有给狗铺过床。”狗说:“快铺床,不然我就咬你。”诺孜贝儿没办法,只能给狗铺了床。


Chak jou Nozibèl te gen pou’l kwit manje, pou’l bale, pou’l lave pou chen an. Yon jou, chen an di Nozibèl “Nozibèl, mwen gen pou’m al wè kèk zanmi. Bale kay la, kwit manje an enpi lave bagay yo anvan mwen tounen. ”

诺孜贝儿每天都要给狗做饭,打扫屋子,洗衣服。有一天,狗说:“诺孜贝儿,我今天要出门见朋友。在我回来之前,你要打扫好屋子,做好饭,洗好衣服。”


Touswit kè chen an pati, Nozibèl pran twa cheve nan tèt li. Li mete yon grenn cheve anba kabann lan, yonn dèyè pòt la, ak yon nan chodyè a. Apre sa a, li kouri al lakay li.

狗一走,诺孜贝儿就从头上拔了三根头发下来。她把一根头发放在床下,一根放在门背后,还有一根放在篱笆上。然后诺孜贝儿用尽全力跑回了家。


Lè chen an tounen li chache Nozibèl “Nozibèl, ki kote ou ye?” “Mwen isit anba kabann lan,” premye cheve a reponn. “Mwen isit dèyè pòt la,” dezyèm cheve an reponn. “Mwen isit nan chodyè a” twazyèm cheve an reponn.

当狗回到家的时候,它开始找诺孜贝儿:“诺孜贝儿,你在哪里?”第一根头发说:“我在这儿,在床底下。”第二根头发说:“我在这儿,在门背后。”第三根头发说:“我在这儿,在篱笆上。”


Lè sa a, chen an konprann ke Nozibèl tap pase’l nan tenten. Chen an pran kouri jis li rive nan vilaj la. Men, frè Nozibèl tap tann li ak gwo baton nan men yo. Chen an kase tèt tounen epi yo pa janm wè li ankò.

狗明白了诺孜贝儿耍的花招。它一路跑到诺孜贝儿的村庄,但是诺孜贝儿的兄弟们正拿着棍子等着它呢!狗见状不妙,赶紧跑开了,从此再也没人见过它。


作者: Tessa Welch
插图: Wiehan de Jager
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书Nozibele and the three hairs
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF