下载 PDF
返回故事列表

Chante Sakima 萨可满的歌声

作者 Ursula Nafula

插图 Peris Wachuka

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Sakima te rete kay paran li yo ak yon ti sè ki gen katran. Yo te rete sou tè yon mesye rich. Ti ajoupa yo te nan fon yon ranje pyebwa.

萨可满和他的父母,还有四岁的妹妹住在一起,他们住在一个富人的土地上,他们的茅草屋在一排大树的后面。


Lè Sakima te gen twa zan, li tonbe malad epi li pèdi je li. Sakima te yon ti gason ki te gen anpil talan.

萨可满三岁的时候,生了一场大病,从此,萨可满就看不见了,其实萨可满是一个非常有天赋的孩子。


Sakima te fè anpil bagay ke lòt ti gason sizan pa te kapab fè tankou chita ak sis granmoun nan kominote a enpi pale sou gwo bagay ak yo.

萨可满今年六岁,他会做很多同龄的男孩不会做的事情,比如,萨可满能和村里的老人坐在一起讨论重要的事情。


Paran Sakima tap travay kay moun rich sa a. Yo te kite lakay bonè nan maten enpi yo te tounen byen ta nan aswè. Yo te kite Sakima ak ti sè li.

萨可满的父母在富人的家里工作。他们每天早出晚归,萨可满就和妹妹呆在家里。


Sakima te renmen chante. Yon jou, manman’l mande li, “Ki kote ou aprann chante sa yo Sakima?”

萨可满很喜欢唱歌。有一天,他的妈妈问他:“萨可满,你从哪儿学了这些歌?”


Sakima reponn li “Yo vin konsa nan tèt mwen, manman. Mwen tande yo nan tèt mwen enpi mwen chante yo.”

萨可满回答说:“它们就这样出现在我的脑海里,我想到了这些歌,就把它们唱了出来。”


Sakima te renmen chante pou ti sè li sitou lè li te grangou. Sè li te konn koute lap chante chante li te pi renmen yo. Li te chante bèl ti mòso dous.

萨可满很喜欢给他的妹妹唱歌,特别是她肚子饿的时候。妹妹听着萨可满唱他最喜欢的歌,跟着甜美的歌声摆动起来。


Ti sè li te konn siplye’l « chante’l ankò, ankò, ankò, Sakima,” Sakima te aksepte enpi chante menm chante ankò, ankò, ankò.

萨可满的妹妹经常求他:“再唱一次吧!”萨可满唱了一遍又一遍。


Yon swa, lè paran Sakima tounen lakay yo yo pate pale menm. Sakima santi te gen yon pwoblèm.

有一天晚上,萨可满的父母回到家以后一句话也不说。萨可满知道一定发生了什么不好的事情。


” Manman, papa kisa kap pase » Sakima mande. Yo di Sakima ke pitit gason mesye rich la te disparèt. Mesye an te santi’l sèl ak tris anpil.

萨可满问爸爸妈妈发生了什么事,他这才知道,原来富人的儿子失踪了,富人孤单一人,很伤心。


Sakima di paran li « Mwen ta ka chante pou li …petèt kè’l ta kontan ankò,”. Men, paran li di li “Mesye sa a rich. Ou se sèlman yon ti gason avèg ou ye. Èske ou kwè ke chante ou yo kapab ede’l?”

萨可满对父母说:“我可以给他唱歌,这样他就会高兴起来了。”但是萨可满的父母不喜欢这个主意:“他很有钱,而你只是一个看不见的小男孩。你以为你的歌声会帮到他吗?”


Men, Sakima pa kite sa kraze’l. Ti sè li te dakò avèk li “Chante Sakima fè’m vin pi kalm lè mwen grangou. Yo kapab ede mesye rich sa a tou.”

但是萨可满没有放弃,他的妹妹也鼓励他。她说:“萨可满的歌声能赶走饥饿,他肯定也能安慰富人。”


Nan demen, Sakima mande ti sè li pou li mennen’l kay mesye rich la.

第二天,萨可满让他的妹妹带他去富人的房子。


Li kanpe anba yon gwo fenèt enpi li kòmanse chante chante mesye a renmen. Tèt mesye an kòmanse parèt tou dousman nan fenèt la.

他站在一扇大窗户的下面,开始唱他最喜欢的歌。慢慢的,富人的脑袋从窗户里伸出来。


Travayè yo sispann sa yo tap fè. Yo tap koute bèl chante Sakima yo. Men yonn nan yo di « Okenn moun pa ka console boss la. Eske ti gason avèg sa a kwè ke lap console li?”

工人们停下了工作。他们仔细地听着萨可满唱歌。有一个人说:“从来没有人能安慰老板,这个看不见的男孩觉得他可以做到吗?”


Lè Sakima fin chante li vire pou’l tounen lakay li. Men, mesye rich la kouri sòti dèyè li, li di li “Tanpri chante ankò.”

萨可满唱完了,准备离开。富人跑出来,说:“请再唱一遍吧!”


Menm lè sa a, de mesye tap pote yon moun sou yon kad. Yo te jwenn ti gason an ke moun te kale enpi lage lòt bò wout la.

就在那时,两个人抬着担架走来了,担架上是富人的儿子!他们发现这个人被打得面目全非,躺在路边。


Mesye rich la te kontan anpil ke li wè ti gason’l lan ankò. Li rekonpanse Sakima pou tèt li te vin konsole li. Li menmen pitit gason li ak Sakima lopital pou yo geri je Sakima.

富人很高兴儿子找回来了。为了感谢萨可满安慰他,他把萨可满和他的儿子一起送到了医院,萨可满很快就会恢复视力了。


作者: Ursula Nafula
插图: Peris Wachuka
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书Sakima's song
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 4.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF