下载 PDF
返回故事列表

Yon ti grenn: Istwa Wangari Maathai 一粒小种子:旺加里·马塔伊的故事

作者 Nicola Rijsdijk

插图 Maya Marshak

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 3级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Nan yon ti vilaj ki sou pant mòn Kenya nan Lès Afrik, yon ti fi tap travay nan jaden an ak manman’l. Yo te rele li Wangari.

在东非肯尼亚山的山腰上,有一座小村庄,村庄里有一个小女孩和妈妈一起在田里劳作,这个女孩叫旺加里。


Wangari te renmen rete deyò anpil. Nan jaden fanmi li, li te fè twou ak manchèt pou’l plante ti grenn nan tè a.

旺加里很喜欢呆在户外。在她家的农田里,旺加里用弯刀劈开土地,把小种子播撒到温暖的泥土里。


Lè li pipito a se pandan lajounen lè solèy la fin kouche. Wangari konnen fòke li tounen lakay anvan fè twò nwa. Enpi li pa te kapab wè plant yo nan fè nwa a. Pou’l tounen lakay li, fòke li te pase nan yon ti santye, nan yon jaden ak akote yon rivyè.

她一天中最喜欢的时候就是日落时分。当天黑了,看不到花花草草时,旺加里就知道她该回家了。她走在农田里的小路上,还要过几条河。


Wangari te yon timoun entèlijan ki te anvi ale lekòl. Men, manman’l ak papa li te vle ke li rete nan lakay la pou’l ede yo. Lè Wangari gen sètan, pi gran frè li mande manman ak papa’l pou yo voye Wangari lekòl.

旺加里是个聪明的孩子,她迫不及待地想要去上学,但是她的父母希望她能在家,帮着干农活。当旺加里七岁的时候,她的哥哥说服了父母,让旺加里去上学。


Li te renmen aprann! Wangari te aprann piplis chak jou, chak fwa li louvri yon liv. Li te travay tèlman byen lekòl la ke li te resevwa yon envitasyon pou’l al etidye nan Etazini. Wangari te kontan anpil! Li te vle aprann anpil bagay lòt bò dlo an.

旺加里太喜欢学习了。旺加里读了很多书,学到很多知识。她的成绩非常好,最后收到了美国大学的录取信,邀请她去美国读书。旺加里太兴奋了,她真想去世界各地走走看看。


Nan inivèsite Ameriken an, Wangari aprann anpil lòt bagay. Li etidye sou tout kalite plant ak kijan yo grandi. Enpi, li vin sonje kote li sòti, kijan li grandi, lè li te konn jwe ak frè li nan lonbraj anba pyebwa nan bèl rakbwa Kenya.

在美国的大学里,旺加里学到了很多新鲜事物。她研究植物,以及它们的生长过程。她想起她自己是怎么长大的:她和兄弟们在美丽的肯尼亚森林里玩耍。


Plis li aprann plis li santi ke li renmen moun Kenya yo. Li te vle wè pèp li lib ak kontan. Plis li aprann, plis li sonje lakay li nan peyi Lafrik.

她学得越多,就越热爱肯尼亚人民。她想要帮助肯尼亚人民过上自由、快乐的生活。她学得越多,就越想念自己在非洲的家乡。


Lè li fini lekòl la, li tounen Kenya. Men, peyi’l te chanje. Peyi a te kouvri ak gwo plantasyon. Fanm yo pa te jwenn bwa pou yo fè manje. Moun yo te pòv, timoun yo te grangou toutan.

当旺加里完成学业时,她回到了肯尼亚,但是她的祖国已经今非昔比了。大地上建起了农场,妇女们找不到柴火做饭。人们过着穷苦的日子,孩子们饥肠辘辘。


Wangari te konnen sa pou’l fè. Li aprann medam yo kijan pou yo simen grenn atè pou yo plante pyebwa. Medam yo vann pyebwa yo enpi yo ede fanmi yo ak lajan an yo fè. Medam yo te kontan anpil. Wangari te fè yo santi yo endepandan ak pifò.

旺加里知道自己要做什么。她教妇女们如何用种子种出大树。妇女们卖树赚钱,补贴家用。妇女们都很高兴。旺加里使她们觉得自己变得坚强勇敢了。


Piti piti pyebwa yo grandi yo tounen rakbwa enpi dlo rivyè an kòmanse koule ankò. Mesaj Wangari travèse tout Lafrik. Jounen jodya, anpi anpil pyebwa pouse akòz ti grenn Wangari yo.

时光飞逝,小树长成了参天大树,又汇聚成了森林,河水穿流而过。旺加里的办法传遍了非洲。今天,因为旺加里当初的种子,已经长出了几百万棵大树。


Wangari te travay di. Tout moun lòt bò dlo tande pale de Wangari. Li resevwa yon pri entènasyonal ke yo rele pri Nobèl pou lapè. Wangari se pwemye fanm Afriken ki te resevwa yon pri konsa.

旺加里努力工作,引起了全世界的注意,人们授予她诺贝尔和平奖,她是非洲第一位获得这份殊荣的女性。


Wangari mouri nan lane 2011 men nou sonje li chak fwa nou wè yon bèl pyebwa.

旺加里在2011年去世,但是每次我们看到大树时,都会想起这位杰出的女性。


作者: Nicola Rijsdijk
插图: Maya Marshak
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 3级
出处: 原文来自非洲故事书A Tiny Seed: The Story of Wangari Maathai
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 4.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF