Download PDF
Back to stories list

Tingi ak bèf yo Tingi ak bèf yo Tingi et les vaches

Written by Ingrid Schechter

Illustrated by Ingrid Schechter

Translated by ACE Haiti-University of Notre Dame USA

Language Haitian

Level Level 2

Narrate full story The audio for this story is currently not available.


Tingi te rete kay grann li.

Tingi te rete kay grann li.

Tingi vivait avec sa grand-mère.


Li te okipe bèf yo ak grann li.

Li te okipe bèf yo ak grann li.

Il gardait les vaches avec elle.


Yon jou sòlda parèt.

Yon jou sòlda parèt.

Un jour, des soldats arrivèrent.


Yo pran tout bèf yo.

Yo pran tout bèf yo.

Ils emmenèrent les vaches.


Tingi ak grann li sove al kache.

Tingi ak grann li sove al kache.

Tingi et sa grand-mère se sauvèrent et se cachèrent.


Yo rete kache nan bwa yo jis lannwit rive.

Yo rete kache nan bwa yo jis lannwit rive.

Ils restèrent cachés dans des buissons jusqu’au soir.


Enpi sòlda yo tounen.

Enpi sòlda yo tounen.

Puis les soldats revinrent.


Grann Tingi kouvri kò yo ak fèy bwa.

Grann Tingi kouvri kò yo ak fèy bwa.

La grand-mère de Tingi recouvrit alors leurs corps de feuilles.


Yonn nan sòlda yo mache sou Tingi, men Tingi pa rele.

Yonn nan sòlda yo mache sou Tingi, men Tingi pa rele.

Un des soldats marcha sur Tingi, mais celui-ci ne réagit pas.


Lè danje a fini Tingi ak grann li leve.

Lè danje a fini Tingi ak grann li leve.

Quand il n’y eut plus de danger, Tingi et sa grand-mère se relevèrent.


Yo tounen lakay yo san yo pa fè bwi.

Yo tounen lakay yo san yo pa fè bwi.

Ils revinrent chez eux sans faire le moindre bruit.


Written by: Ingrid Schechter
Illustrated by: Ingrid Schechter
Translated by: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
Language: Haitian
Level: Level 2
Source: Tingi and the Cows from African Storybook
Creative Commons License
This work is licensed under a Creative Commons Attribution 3.0 International License.
Options
Back to stories list Download PDF