下载 PDF
返回故事列表

Fig grann mwen 奶奶的香蕉

作者 Ursula Nafula

插图 Catherine Groenewald

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 4级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Jaden grann mwen an se bèl bagay, li chaje ak roroli, pitimi, kasav. Men, pi bon nan tout se fig yo. Malgre grann mwen gen anpil pitit pitit, mwen konnen ke se mwen li pi pito. Li fè m vini lakay li toutan. Li rakonte’m ti sekrè li yo men gen yon grenn ladan yo ke li pa janm di’m « se kijan fig li yo mi konsa ».

奶奶有一座美丽的大花园,里面种满了高粱,杂谷和木薯,但里面最棒的是香蕉。奶奶虽然有很多孙子孙女,但我心里知道她最喜欢我。她常常邀请我去她家,告诉我一些小秘密。但是有一个秘密,她从来没有告诉我,那就是她催熟香蕉的办法。


Yon jou, mwen wè yon gwo panyen pay chita nan solèy lakay grann mwen. Lè’m mande ki sa li ye, li reponn mwen sèlman “Se panyen majik mwen.” Bò kote panyen an, te gen plizyè fèy bannann ke grann mwen tap vire tanzantan. Mwen te anvi konnen sa ki tap pase “Poukisa fèy sa yo, grannn?” Li reponn sèlman “se fèy majik mwen yo.”

有一天,我看到奶奶在门外放了一个巨大的麦秆编成的篮子。我问奶奶这是做什么的,奶奶却只说:“这是我的神秘篮子。”篮子旁边放了几片香蕉叶子,奶奶把叶子来回翻动。我很好奇,问奶奶:“这些叶子是做什么的?”奶奶却只说:“这是我的神秘叶子。”


Mwen te renmen gade grann mwen, bannann yo, fèy bannann yo ak panyen an. Men, yon jou grann mwen voye’m al fè yon komisyon bò kote manman mwen “Grann, tanpri, kite’m gade sa wap fè…” Li reponn mwen “Pa fè tèt di pitit, fè jan yo di’w la”. Mwen pran kouri.

我好奇地看着奶奶,香蕉,香蕉叶子还有那个巨大的麦秆编成的篮子。但奶奶却把我打发到妈妈那儿跑腿。我求奶奶:“让我留下来看一看吧!”奶奶却坚持说:“别固执了,按我说的去做。”我只好跑开了。


Lè’m tounen, grann te chita deyò men mwen pa te wè ni panyen an ni bannann yo. “Grann kote panyen an, kote tout bannann yo enpi kote …” Li reponn mwen « yo nan panyen majik mwen! Mwen te desi !

当我回来的时候,奶奶正坐在外面休息,但是篮子和香蕉都不见了!我问奶奶:“篮子去哪儿了?香蕉去哪儿了?还有那些……”奶奶却说:“它们都在一个神秘的地方。”我太沮丧了!


De jou pita, grann mwen voye’m al chache baton li ki te nan chanm lan. Lè’m louvri pòt la, mwen pran yo gwo lodè fig mi. Panyen majik la te byen kache nan yon kwen chanm nan. Mwen leve’l enpi mwen pran bèl lodè majik la.

过了两天,奶奶让我从她的卧室拿拐杖给她。我一打开门,就闻到了熟香蕉的味道。原来奶奶的神秘篮子就放在卧室里!它上面盖了一条旧毯子,我掀起毯子,使劲地闻着那香味。


Vwa grann mwen fè’m sote “Ki sa wap fè? Fè vit, pote batonm nan.” Mwen kouri sòti ak baton an. Grann mande’m ‘ “pouki sa wap souri konsa?” se lè sa a ke’m reyalize ke mwen tap souri toujou depi lè mwen te dekouvri panyen majik la.

奶奶喊我的时候,我吓了一跳:“你在做什么?快把我的拐杖拿来。”我赶紧把拐杖拿出去给奶奶。奶奶看着我,问:“你在笑什么?”我这才意识到,我还在因为发现了这个神奇的秘密窃笑着。


Nan demen, lè grann mwen vin wè manman’m, mwen kouri ale lakay li pou’m tcheke fig yo ankò. Te gen yon bann nan yo ki te mi. Mwen chwazi yonn ladan yo enpi mwen kache li nan rad mwen an. Lè’m fin kouvri panyen an m’ale dèyè kay la pou’m manje’l byen vit. Mwen poko te janm manje yon fig sikre konsa anvan.

第二天,奶奶来看我妈妈,我又跑到奶奶家去偷看那些熟香蕉。有一把香蕉已经非常熟了。我采了一根香蕉,把它藏在我的裙子里。我小心地盖好篮子,跑到房子后面,偷偷地把香蕉吃了:这是我吃过的最美味的香蕉!


Demen, pandan grann mwen te nan jaden a ap keyi legim, mwen tounen tou dousman anndan kay la pou’m gade fig yo amkò. Prèske tout te fin mi. Mwen pat ka kenbe ankò, mwen pran yon pakèt ki gen kat ladan’l. Pandan map sòti tou dousman nan pòt la, mwen tande grann mwen ap touse deyò. Mwen reyisi kache fig yo anba rad mwen enpi mwen pase devan’l.

第二天,我趁奶奶在花园里摘蔬菜的时候,偷偷跑进房间,去看那些香蕉,香蕉差不多全都熟了。我禁不住诱惑,拿了四根香蕉。我踮起脚离开房间,听到奶奶在咳嗽。我把香蕉藏在裙子下面,若无其事地走开了。


Jou apre sa a, se te jou mache. Grann mwen leve bonè bonè. Li toujou pran fig mi ak kasav pou’l al vann nan mache. Mwen pa ale lakay li jou sa a. Men, mwen pat kapab evite ale lakay twò lontan.

第二天是奶奶赶集的日子。奶奶很早就醒来了,她把成熟的香蕉和木薯运到集市上去卖。我那天没有急着去看她,但我知道,我不可能永远躲着奶奶。


Pita nan aswè a, manman’m ak papa’m ak grann mwen rele’m. Mwen te konnen poukisa. Jou sa a mwen te dòmi mal paske mwen te konnen ke’m pa tap janm vòlè ankò ni nan men grann mwen ni nan men granmoun mwen yo ni nan men nenpòt ki lòt moun.

那天傍晚,我被爸爸、妈妈和奶奶叫过去。我知道他们为什么找我。那天晚上,当我上床睡觉的时候,我知道我再也不会偷东西了,不偷奶奶的,不偷爸妈的,不从任何人那里偷东西。


作者: Ursula Nafula
插图: Catherine Groenewald
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 4级
出处: 原文来自非洲故事书Grandma's bananas
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF