下载 PDF
返回故事列表

Kisa sè Vuzi pral di 福思的姐姐说了什么

作者 Nina Orange

插图 Wiehan de Jager

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 4级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Yon maten byen bonè, grann Vuzi rele li, “Vuzi, tanpri, pote ze sa yo bay manman ou pou mwen. Li vle fè yon gwo gato pou maryaj sè ou. ”

一天早上,福思的奶奶唤他过来说:“福思,你带着这个鸡蛋去你爸妈那儿吧!他们要为你姐姐的婚礼做一个大蛋糕。”


Pandan Vuzi ap mache pou lale kay paran li yo li rankontre de ti gason ki tap keyi fwi. Yonn nan ti gason yo pran ze yo nan men Vuzi enpi li voye yo sou yon pyebwa. Ze yo kraze.

福思带着鸡蛋上了路,他遇到了两个正在采水果的男孩。其中一个男孩抓过鸡蛋,朝着果树扔过去,鸡蛋破了。


Sa ou fè la a? “Vuzi di li « Ze sa yo se te pou yon gato maryaj sè’m nan. Ki sa sè’m nan pral di si pa gen gato nan maryaj li?

福思哭了:“你做了什么?那个鸡蛋是用来做蛋糕的,这个蛋糕是送给我姐姐结婚的礼物。没了蛋糕,我姐姐会说什么?”


Ti gason yo te regrèt anpil deske yo te pase Vuzi nan jwèt. “Nou pa ka fè anyen pou gato a koulyè a, men nou kapab ba ou yon baton pou sè ou ” Vuzi kontinye wout li.

男孩们觉得很抱歉,他们不应该嘲弄福思。其中一个男孩说:“我们没办法帮你做蛋糕,但是我们这儿有一根拐杖,可以送给你姐姐。”福思带上了拐杖,继续上路。


Sou wout la, li jwenn ak de gason ki tap konstwi yon kay. Mesye yo mande li “Èske ou ka bannou baton solid sa a ? » Men, baton an pate solid kont…li kase.

福思在路上碰到了两个造房子的工人。其中一个工人问他:“我们可以借用一下那根木棍吗?”但是木棍不是很结实,它断了。


“Sa nou fè la a? Vuzi mande pandan lap kriye. “Baton sa a se te yon kado pou sè’m nan. Ti gason yo ki tap ranmase fwi banm li paske yo te kraze ze pou fè gato sè’m nan. Kounyè a, pa gen ze, pa gen gato, pa gen kado. Kisa sè’m pral di?

福思哭了:“你做了什么?那根木棍是摘水果的人给我的,因为他们打碎了用来做蛋糕的鸡蛋。那个蛋糕是送给我姐姐结婚的礼物。没了鸡蛋,没了蛋糕,没了礼物,我姐姐会说什么?”


Bòs mason yo te regrèt anpil “Nou pa kapab fè anyen pou gato a, men nou kapab ba ou zèb pou sè ou”. Vuzi kontinye wout li.

造房子的工人觉得很抱歉,因为他们弄断了木棍。其中一个工人说:“我们没办法帮着做蛋糕,但我这儿有一些茅草,可以送给你姐姐。”福思带上茅草,继续上路。


Sou wout la, Vuzi wè yon abitan ak bèf li. Bèf la di « A la bèl zèb, ou ka banm yon ti kras ladan’l ? ». Men zèb la te tèlman bon ke bèf la manje tout !

在路上,福思遇到了一个农民和一头奶牛。奶牛说:“多么美味的茅草啊!我可以尝一尝吗?”但是茅草太美味了,奶牛把茅草全吃光了!


« Sa pou’m fè? Vuzi mand li. “zèb sa a se te yon kado pou sè m nan. Bòs mason yo kap knostwi yon kay ban mwen yo paske yo te kase baton ti gason kap ranmase fwi yo te banm. Ti gason sa yo te banm baton an paske yo te kraze ze ki pou te fè gato sè m nan. Gato a te pou maryaj sè m nan men kounlè a pa gen ze, pa gen gato, pa gen kado. Kisa sè’m pral di? ”

福思哭了:“你做了什么?那些茅草是给我姐姐的礼物。造房子的工人给了我那些茅草,因为他们弄断了摘水果的人给我的木棍。摘水果的人给了我木棍,因为他们把做蛋糕的鸡蛋打破了。那个蛋糕是给我姐姐结婚的礼物。现在鸡蛋、蛋糕、礼物都没了。我的姐姐会说什么?”


Bèf la te regrèt ke li te visye konsa. Abitan an deside voye bèf la ak Vuzi kòm kado pou sè li. Vizu kontinye wout li.

奶牛很抱歉,因为它太自私了。农民决定让奶牛跟着福思,作为礼物送给他姐姐。福思继续上路了。


Men lè manje an vin rive, bèf la chape pou’l tounen lakay mèt li. Vuzi pèdi chemen li enpi li rive ta nan maryaj sè’l. Envite yo te kòmanse ap manje.

但是,到了吃晚饭的时候,奶牛跑回农场了,福思也迷路了。他很晚才到姐姐的婚礼上,客人们已经在吃饭了。


“Kisa pou’m fè? Vuzi mande “Bèf la se te yon kado abitan an te bay pou ranplase zèb yo ke bòs mason yo te banm paske yo te kase baton an ke ti gason yo ki tap ranmase fwi yo te banm pou ranplase ze yo ke yo te kase pou fè gato a. Gato a se te pou maryaj la. Koulyè a pa gen ze, pa gen gato, pa gen kado. ”

福思哭了:“我该怎么办?奶牛本来是农民送给我的礼物,因为奶牛吃了建筑工人给我的茅草。建筑工人给我茅草,因为他们折断了摘水果的人给我的木棍。摘水果的人给了我木棍,因为他们打破了做蛋糕的鸡蛋。那个蛋糕是给我姐姐结婚的礼物。现在,鸡蛋没了,蛋糕没了,礼物也没了。”


Sè Vuzi vin reflechi sou sitiyasyon an epi li di Vuzi “Vuzi frè mwen, kado yo pa enpòtan pou mwen, gato a pa enpòtan pou mwen. Sa ki pi enpòtan pou mwen se ke tout moun la avèk mwen. Kèm kontan anppil. Kounyè a, al mete bèl rad ou enpi an nou fete jou sa a! Se sa Vusi fè.

福思的姐姐想了一会儿,她说:“我亲爱的兄弟,我不在乎有没有礼物。我们今天聚在这里,我就很高兴了。穿上你漂亮的衣服,我们一起庆祝吧!”福思就照着她的话做了。


作者: Nina Orange
插图: Wiehan de Jager
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 4级
出处: 原文来自非洲故事书What Vusi's sister said
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF