下载 PDF
返回故事列表

Vanjans gid siwo myèl la 指蜜鸟的复仇

作者 Zulu folktale

插图 Wiehan de Jager

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 4级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Sa a se istwa Ngede, yon gid siwo myèl, ak yon jenn gason visye ke yo rele Gingile. Yon jou pandan Gingile al lachas li tande yon apèl Ngede. Bouch Gingile kòmanse koule dlo lè li sonje siwo myèl la. Li kanpe pou’l koute pi byen, li chache jis li wè zwazo a sou pyebwa a sou tèt li. “Chitik-chitik-chitik,” ti zwazo an tap chante. Li kontinye vole sou lòt pyebwa a “Chitik, chitik, chitik,” li kanpe tanzantan pou’l gade si Gingile tap swiv li.

这是一个关于指蜜鸟奈吉和贪婪的年轻人青其儿的故事。有一天,青其儿外出打猎,忽然,他听到了奈吉的叫声。青其儿一想到跟着指蜜鸟就能找到美味的蜂蜜,口水就忍不住流了出来。他停下来,仔细地听着,四处找寻,直到他在头上的树枝里看到了指蜜鸟。小鸟啾啾啾地叫着,从一根树枝飞到另一个树枝。指蜜鸟一边飞一边叫,让青其儿能跟上它。


Apre yon demi èdtan, yo rive pre yon gwo pye fig frans. Ngede sote san gade dèyè sou branch yo. Lè fini li rete sou yon grenn branch epi li balanse tèt li tankou si lap di, “Men li! Vini non! Vini kounyè a, kisa kap pran konsa a ?” Gingile pat kapab wè anyen anba pyebwa a men li fè Ngede konfyans.

过了大概半个小时,他们到了一棵巨大的野无花果树下。奈吉在树枝间跳来跳去,然后在其中一根树枝上停了下来,它朝青其儿伸出脑袋,好像在说:“就是这儿!快来!别磨磨蹭蹭的。”青其儿站在树下,看不到一只蜜蜂,但是他相信奈吉不会骗他。


Se konsa Gingile depoze fizil lachas li anba pyebwa a, li rasanble kèk ti mòso branch enpi li limen yon ti dife. Lè dife an byen pran, li mete yon frenn byen long nan mitan dife a. Tout moun konnen ke bwa sa a fè anpil lafimen lè lap boule. Nedge kòmanse grenpe pyebwa a ak baton lafimen an nan dan li.

青其儿把他打猎的矛搁在树下,搜集了一些干枯的小树枝,点了一堆火。当火慢慢旺起来的时候,他拿了一根又长又干的树枝,伸向火堆中心。这种木头烧起来的时候,会释放出很多烟。青其儿一手拿着树枝的另一头,另一只手抓着树干,开始爬树。


Nan yon ti moman, li kòmanse tande bwi zèl gèp yo kap travay. Yo rantre soti nan yon trou ki nan kò pyebwa a – nich yo. Lè Gingile rive tou pre li kòmanse balanse baton lafimen nan trou pyebwa a. Gèp yo kouri soti men yo te fache anpil. Yo vole ale paske yo pat renmen lafimen an - men anvan sa a yo pike Gingile byen fò!

不久青其儿就听到了蜜蜂飞来飞去的嗡嗡声。它们在树干里筑了一个巢,正忙着飞进去飞出来。当青其儿爬到蜂巢附近的时候,他把树枝燃烧的一端猛地戳到蜂巢里。蜜蜂们害怕灰烟,它们都吓坏了,赶紧全都飞出来,但它们没忘记给青其儿脸上、身上狠狠地叮上几口。


Lè gèp yo fin sòti, Gingile mete men’l anndan nich la. Li pran yon pengn pou’l retire gwo ponyen siwo myèl rich ak tout grès blan anndan li. Li mete peny an ak prekosyon nan bèg ka ke li te gen sou zepòl li enpi li kòmanse redesann pyebwa a.

蜜蜂全都飞出来了,青其儿把手伸进蜂巢里,他挖到了好多蜜块,又甜又香的蜂蜜从蜜块上滴下来,看起来美味极了。他小心翼翼地把蜂蜜块放进肩膀上的袋子里,慢慢地从树上爬下来。


Ngede tap swiv ak anpil atansyon tout sa Gingile tap fè. Li tap tann ke Ngede bay li yon gwo mòso siwo myèl gra a enpi pou’l ta di li mèsi. Ngede desann branch yo rapid rapid jis li rive tou pre atè a. Lè Gingile rive anba nèt, Ngede te kanpe sou yon wòch tou pre lap tann rekonpans li.

奈吉迫不及待地看着青其儿做这些事情,它等着青其儿能送它一小块蜂蜜,作为给他引路的谢礼。青其儿在树枝间轻快地跳来跳去,离地面越来越近。终于青其儿稳稳地落地,奈吉落在他附近的一块石头上,等着青其儿给他的礼物。


Men, Gingile etenn dife a, li ranmase frenn li epi li kòmanse mache pou’l ale lakay li san’l pa okipe zwazo a. Ngede byen fache tonbe rele “VIK-torr! VIK-torrr!” Gingile kanpe, li gade ti zwazo a enpi li pete ri “Ou vle yon ti siwo myèl zanmi mwen? Ha! Men se mwen ki fè tout travay la enpi ki pran tout piki yo. Poukisa pou’m ta ba ou menm yon ti kras nan bèl siwo myèl sa a?” Enpi, li kontinye mache. Ngede te fache serye! Se pa konsa pou yo boule avèk li! Li deside pran vanjans li sou Gingile.

但是青其儿把火灭了,拎起他的矛,开始向家里走去,装作看不见奈吉的样子。奈吉生气地叫着:“给我蜂蜜!给我蜂蜜!”青其儿停下来,盯着小鸟,大笑说:“我的朋友,你也想要蜂蜜,是吗?哈哈,我做了这么多事,被叮了那么多包!我为什么要跟你分享这蜂蜜?”说完,青其儿就走远了。奈吉气极了,他可从来没有被这样对待过!等着吧,它会报仇的。


Yon jou, plizyè semèn pita, Gingile tande yon lòt apèl Ngede pou siwo myèl. Li sonje bon gou siwo myèl la enpi li swiv ti zwazo a yon lòt fwa ankò. Lè ti zwazo a fin mennen Gingile nan rebò rakbwa a, Ngede kanpe pou’l pran yon ti repo anba yon pye pikan. “Ah, gen lè se la nich la ye” Gingil byen vit fè ti dife epi li kòmanse grenpe pyebwa a ak branch lafimen an nan dan li. Ngede chita lap gade.

过了几个星期,青其儿又听到了奈吉的叫声。他想起来美味的蜂蜜,迫不及待地跟着指蜜鸟走了。奈吉领着青其儿走到森林边上,在一棵大树冠上停了下来。青其儿心想:“哈哈,树上肯定有蜂巢。”他迅速地生了一小堆火,拿着燃烧的树枝开始爬树。奈吉停在那儿看着这一切。


Pandan Gingile ap grenpe lap mande tèt li poukisa li pa tande bwi zèl gèp yo kap travay. “Petèt nich la nan fon pyebwa a,” li vin reflechi. Li monte sou yon lòt branch men olye nich la li jwenn bappoubap ak yon leyopa! Leyopa a pat kontan paske li tap dòmi lè yo vin deranje li. Li plise je’l enpi li louvri bouch li byen gran pou’l montre gwosè ak lajè dan li.

青其儿爬着爬着,心里觉得奇怪,怎么他没有听到嗡嗡声呢?他想,蜂巢一定在树冠很深的地方。他拉着树枝,跳上树:没有蜂巢,他看到了一只豹子!豹子非常生气,因为青其儿打扰了它的美梦。豹子眯着眼睛,张开血盆大口,露出了又白又尖的牙齿。


Gingile kouri desann pyebwa anvan Leyopa a bay li yon kout pat. Nan prese li te manke yon branch, li ateri ak yon gwo bwi enpi li foule pye li. Li pati kouri sou vye pye an. Chans pou li leyopa a te gen dòmi nan je’l. Se konsa gid siwo myèl la pran vanjans li. Gingile aprann leson li.

青其儿没等到豹子扑向他,就飞快地爬下树。可他爬得太匆忙了,一脚没踩稳,重重地摔在地上,扭到了脚踝。他一瘸一拐地跑走了。幸好豹子还没睡醒,没有追青其儿。指蜜鸟奈吉报了仇,青其儿也学到了教训。


Kidonk, lè pitit Gingile tande istwa Ngede a yo respete ti zwazo a. Lè yal rekòlte myèl yo toujou kite pigwo mòso a pour Gid siwo myèl la.

从此以后,青其儿的孩子们都听说了奈吉的故事,都非常尊重这只小鸟。他们每次收获蜂蜜的时候,都会把最大的一块留给指蜜鸟。


作者: Zulu folktale
插图: Wiehan de Jager
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 4级
出处: 原文来自非洲故事书The Honeyguide's revenge
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 3.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF