下载 PDF
返回故事列表

Desizyon 决定

作者 Ursula Nafula

插图 Vusi Malindi

译文 ACE Haiti-University of Notre Dame USA

语言 海地克里奥尔语

级别 2级

将整故事念出来 本故事尚未有语音版。


Kominote kote’m rete an gen anpil pwoblèm … Nou blije kanpe nan yon liy byen long pou nou pran dlo nan yon grenn tiyo.

我的村庄面临很多问题。村里只有一个水龙头,我们每天都要排很长的队伍去接水。


Se lòt moun ki bannou manje.

我们等着别人接济食物给我们吃。


Nou fèmen kay nou bonè paske nou pè vòlè.

每天晚上,我们因为害怕有小偷,所以都早早地锁上了门。


Anpil timoun kite lekòl.

中途辍学的孩子也不少。


Ti jèn fi yo ap travay kòm sèvant nan lòt kominote.

年轻的女孩被迫到别的村庄去做女佣。


Ti gason yo ap flannen nan kominote a pandan ke lòt ap travay nan jaden moun.

年轻的男孩不是成天在村子里游荡,就是到别人的农场里打工。


Lè gen van, papye fatra al koke sou pyebwa ak nan lantiraj yo.

起风的时候,废纸到处乱飞,挂在树梢和篱笆上。


Moun te konn blese ak vè kase ke lòt moun jete atè a.

碎玻璃扔得到处都是,很多人都被碎玻璃划伤了。


Enpi yon jou tiyo an pat gen dlo ladan’l ankò. Tout bokit te vid.

终于有一天,水龙头干涸了,人们接不到水了。


Papa’m deside ale kay chak moun pou’l mande yo vini nan reyinyon kap òganize nan kominote a.

我的爸爸一家一家地劝说,召集村里的居民们开会。


Moun yo chita anba yon gwo pyebwa pou yo koute sa kap di.

人们聚到一棵大树下,准备开会。


Papa’m kanpe pou li di “Nou bezwen mete tèt nou ansanm pou nou jwenn solisyon nan pwoblèm nou yo.”

我爸爸站起来,说:“我们必须团结起来,一起解决我们的问题。”


Jima, yon ti gason wit lane ki te chita sou yon branch pyebwa di “Mwen kapab ede nan netwaye.”

八岁的珠玛坐在树干上,大声说:“我可以帮忙清理村庄。”


Yon fi leve pou’l di “Fi yo kapab ede nan fè jaden.”

一个女人站起来说:“我可以找一些妇女,一起种庄稼。”


Yon gason leve pou’l di: “Gason yo kapab fouye yon pwi.”

又有一个男人站起来说:“男人们可以帮着打井。”


Nou tout di nan menm moman an “Nou dwe chanje lavi nou.” Depi jou sa a nou mete tèt nou ansanm pou nou jwenn solisyon nan pwoblèm nou yo.

我们异口同声地说:“我们必须改变我们的生活。”从那天开始,大伙儿都齐心协力,解决问题。


作者: Ursula Nafula
插图: Vusi Malindi
译文: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
语言: 海地克里奥尔语
级别: 2级
出处: 原文来自非洲故事书Decision
共享创意授权条款
本着作系采用共享创意 署名 4.0 未本地化版本授权条款授权。
选项
返回故事列表 下载 PDF