Descargar PDF
Regresar a lista de cuentos

Anansi ak Lasajès Anansi y la sabiduría

Texto Ghanaian folktale

Ilustraciones Wiehan de Jager

Translated by ACE Haiti-University of Notre Dame USA

Lengua criollo haitiano

Nivel Nivel 3

Contar el cuento completo El audio no está disponible actualmente.


Nan tan lontan, moun yo pate konn fè anyen. Yo pate konnen kijan pou yo fè jaden, trese pay oswa fè zoutil fè. Bondye Nyame ki nan syèl la te gen anpil anpil lasajès. Li te kenbe tout sajès sa nan yon po tè kwit.

Hace mucho, mucho tiempo la gente no sabía nada. No sabían cómo cultivar, o cómo tejer tela, o cómo hacer herramientas de hierro. El dios Nyame arriba en el cielo tenía toda la sabiduría del mundo. La mantenía guardada en una vasija de barro.


Yon jou Nyame deside ke lap bay Anansi po lasajès sa a. Chak fwa Anansi te gade anndan po tè kwit lan li te aprann yon lòt bagay. Ala yon bèl bagay!

Un día, Nyame decidió darle la vasija de sabiduría a Anansi. Cada vez que Anansi se asomaba y miraba dentro de la vasija de barro, aprendía algo nuevo. ¡Qué impresionante!


Anansi ki te yon moun egoyis di tèt li « Mwen pral sere po sa a sou tèt gwo pyebwa sa a konsa lap rete pou mwen sèl!” Li file yon kòd byen long nan po tè kwit la epi li mare li sou vant li. Li kòmanse grenpe pyebwa a. Men li te difisil pou’l monte pyebwa a paske po an tap bat sou jenou’l toutan.

El codicioso Anansi pensó, “voy a guardar la vasija en la copa de un árbol muy alto. ¡Y será sólo mía!” Hiló un hilo largo, envolvió con él la vasija de barro, y lo ató a su cintura. Empezó a trepar el árbol. Pero se le hacía muy difícil trepar el árbol con la vasija constantemente pegándole en las rodillas.


Pandan toutan sa a, ti gason Anansi te kanpe anba pyebwa a lap gade : « Li pa ta pi fasil si’w te mare po sa a sou do ou pito ». Anansi eseye mete po lasajès la sou do’l epi li te pi fasil toutbon.

Mientras tanto, el hijo pequeño de Anansi lo miraba desde abajo y le dijo, “¿No sería más fácil trepar si te ataras la vasija a tu espalda?” Anansi ató la vasija llena de sabiduría a su espalda y, efectivamente, fue mucho más fácil.


Nan yon titan Anansi rive sou tèt pyebwa a. Li kanpe enpi li di tèt li « Mwen te kwè ke se mwen sèl ki te gen tout lasajès epi men pitit gason’m nan gen plis lasajès pase mwen ! ». Anansi te tèlman fache sou bagay sa a ke li jete po tè kwit la atè a.

En un instante logró llegar a la copa del árbol. Pero entonces se detuvo a pensar: “Se supone que yo soy quien tiene toda la sabiduría, ¡pero mi hijo fue más listo que yo!” Anansi se enojó tanto que lanzó la vasija desde lo alto del árbol.


Po an krase tibout enpi tout moun jwenn mòso ladan’l. Se lè sa a ke moun yo aprann fè jaden, trese pay, fè zouti fè ak tout lòt bagay ke moun konn fè koulyè a.

Quedó hecha pedazos en el suelo. La sabiduría quedó libre y disponible para todos. Y así fue cómo la gente supo cultivar, tejer, hacer herramientas de hierro, y muchas otras cosas más.


Texto: Ghanaian folktale
Ilustraciones: Wiehan de Jager
Translated by: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
Lengua: criollo haitiano
Nivel: Nivel 3
Fuente: Anansi and Wisdom del African Storybook
Licencia Creative Commons
Esta obra está bajo una Creative Commons Atribución 3.0 Internacional.
Opciones
Regresar a lista de cuentos Descargar PDF