Download PDF
Back to stories list

Andiswa gwo jwèz foutbòl Andiswa Soccer Star

Written by Eden Daniels

Illustrated by Eden Daniels

Translated by ACE Haiti-University of Notre Dame USA

Language Haitian

Level Level 2

Narrate full story The audio for this story is currently not available.


Andiswa tap gade ti gason yo ap jwe foutbòl. Li te anvi jwe avèk yo tou. Li mande yo si li te kapab pratike ak yo.

Andiswa watched the boys play soccer. She wished that she could join them. She asked the coach if she can practise with them.


Antrenè a mete de men nan ren li pou’l di ” Nan lekòl sa a, se sèl ti gason ki jwe foutbòl”.

The coach put his hands on his hips. “At this school, only boys are allowed to play soccer,” he said.


Ti gason yo voye’l al jwe nètbòl. Yo di li ke jwèt nètbòl se pou fi tandiske foutbòl se pou ti gason. Andiswa pate kontan.

The boys told her to go play netball. They said that netball is for girls and soccer is for boys. Andiswa was upset.


Lekòl lan te gen yon gwo match foutbòl jou kap vini an. Antrenè a te gen enkyetid paske pibon jwè li te malad, li pa te kapab jwe.

The next day, the school had a big soccer match. The coach was worried because his best player was sick and could not play.


Andiswa kouri al jwenn antrenè an pou li mande’l si te kapab ranplase jwè sa a. Antrenè a pat konn sa pou’l te fè. Enpi, li deside kite Andiswa jwe.

Andiswa ran to the coach and begged him to let her to play. The coach was not sure what to do. Then he decided that Andiswa could join the team.


Match lan te difisil anpil. Nan mitan match lan okenn moun poko te bay yon gòl.

The game was tough. Nobody had scored a goal by half time.


Nan dezyèm mitan an, yon ti gason pase boul lan bay Andiswa. Andiswa ranmase bou lanak pye li, li tonbe kouri ak boul lan nan direksyhon filè an. Li shoute boul la … li bay yon gòl.

During the second half of the match one of the boys passed the ball to Andiswa. She moved very fast towards the goal post. She kicked the ball hard and scored a goal.


Foul lan leve kanpe pou’l bat bravo. Depi lè sa a, ti fi kapab jwe foutbòl nan lekòl sa a.

The crowd went wild with joy. Since that day, girls were also allowed to play soccer at the school.


Written by: Eden Daniels
Illustrated by: Eden Daniels
Translated by: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
Language: Haitian
Level: Level 2
Source: Andiswa Soccer Star from African Storybook
Creative Commons License
This work is licensed under a Creative Commons Attribution-NonCommercial 3.0 International License.
Options
Back to stories list Download PDF