تحميل بصيغة PDF
العودة لقائمة القصص

Magozwe ماقزوي

كُتِب بواسطة Lesley Koyi

رسمة بواسطة Wiehan de Jager

بترجمة ACE Haiti-University of Notre Dame USA

لغة الكريولية الهايتية

مستوى المستوى 5

سرد للقصة كاملة الصوت لهذه القصة غير متوفر.


Nan yon gwo vil Nairobi, yon gwoup ti gason tap dòmi nan lari a. Yo pate gen kay. Yo pran chak jou jan li vini a. Yon maten, ti gason yo tap roule mat yo apre yo te fin dòmi atè nan fè frèt la. Pou yo chofe kò yo yo te limen yon dife ak fatra. Pami gwoup ti gason sa yo te gen yon yo te rele Magozwe. Se li ki te pi piti a.

في مدينة نيروبي الصاخبة، بعيداً عن الحياة العائلية ودفئها، يعيش مجموعة من الصبيان بدون مأوى. كانوا يستقبلون كل يوم كما يأتي، لا أمل لهم فيه. وفي صباح أحد الأيام، أخذ الأطفال يحزمون حصائرهم بعد النوم على الأرصفة الباردة، ثم أشعلوا ناراً مما وجدوه من قمامة لمقاومة البرد. كان ماقزوي أحد هؤلاء الصبيان وكان أصغرهم سناً.


Lè paran Magozwe mouri, li te gen sèlman senkan. Li tal viv ak tonton li men mesye sa a pat okipe’l menm. Li pat bay Magozwe ase manje. Li fè ti gason an travay di anpil.

كان ماقزوي يبلغ من العمر خمس سنوات عندما توفي والداه، فانتقل للعيش مع خاله. لكن هذا الرجل لم يكترث بالطفل ولم يوفر له القدر الكافي من الطعام كما كان يجبره على القيام بأعمال شاقة.


Lè paran Magozwe mouri, li te gen sèlman senkan. Li tal viv ak tonton li men mesye sa a pat okipe’l menm. Li pat bay Magozwe ase manje. Li fè ti gason an travay di anpil.

وكان أيضاً يضربه كلما استفسر ماقزوي عن أمر أو تذمر من كثرة العمل. وعندما طلب ماقزوي من خاله أن يسمح له بالذهاب إلى المدرسة ضربه من جديد قائلا: “أنت غبي جدا ولن تتعلم أي شيء”. وبعد ثلاث سنوات من هذه المعاملة القاسية، هرب ماقزوي من خاله وبدأ يعيش في الشارع.


Lavi nan lari a te difisil anpil paske ti gason yo pase pifò nan tan yo ap chache manje chak jou. Kèk fwa yo arete yo oswa yo bat yo. Lè yo te malad yo pat jwenn moun pou ede yo. Gwoup lan te viv ak ti lajan yo te ba yo kòm charite ak nan vann plastik ak kalite bagay pou resiklaj. Lavi a te pi difisil toujou akòz goumen nan gwoup rival ki te vle kontwole kèk pati nan vil la.

كانت الحياة في الشارع صعبة وكان أغلب الأطفال يعانون يومياً من أجل لقمة العيش. فكانت الشرطة تلقي عليهم القبض أحياناً، وأحياناً أخرى كانوا يتعرضون للضرب. وكانوا إذا ما مرضوا لا يجدون من يقدم لهم يد المساعدة. كانت مجموعة الأطفال تعتمد على النزر القليل من المال الذي كانوا يحصلون عليه من التسول ومن بيع البلاستيك ومواد أخرى مما تقع إعادة تدويره. كانت الحياة تزداد صعوبة خاصة بسبب المعارك التي تحدث بين جماعات الأطفال المتنافسة من أجل السيطرة على أحياء المدينة.


Yon jou pandan ke Magozwe tap chache manje nan poubèl lari a, li jwenn yon vye liv istwa. Li retire salte sou liv la enpi li mete liv la nan valiz li. Chak jou apre sa a li pran ti liv lan pou’l gade foto yo. Li pat konn li.

وفي يوم من الأيام، بينما كان ماقزوي يبحث في صناديق القمامة عن شيء يأكله، إذ به يجد مجموعة قصص رثة ممزقة. قام ماقزوي بتنظيف القصص من الأوساخ ووضعها في جرابه. وكان كل يوم يخرج الكتاب من كيسه وينظر إلى الصور، إذ لم يكن ماقزوي يعرف قراءة الكلمات.


Foto yo te rakonte istwa yon ti gason ki te grandi enpi ki te tounen yon pilòt. Magozwe te konn rete lap reve ke li tou se te yon pilòt. Pafwa, li te kwè ke se istwa li ki liv lan tap rakonte.

كانت الصور تحكي قصة طفل نشأ ليكون طياراً. أصبح ماقزوي يمضي يومه حالماً بأن يكون طياراً، وكان من حين لآخر يرى نفسه مكان ذاك الولد الذي تصفه الصور.


Te fè frèt anpil yon jou men Magozwe rete kanpe sou bò wout la lap mande charite. Yon nonm vin kote li. “Alo, mwen se Toma.” “Mwen travay tou pre isit la, yon kote ou kapab jwenn bagay pou w manje”. Li lonje dwèt li sou yon kay jòn ak twa ble. “Mwen ta vle ke ou ale chache yon ti manje la?” li di li. Magozwe gade mesye a, li gade kay la enpi li reponn “Petèt”. Magozwe kontinye wout li.

كان الجو بارداً وكان ماقزوي يقف متسولاً في الطريق عندما تقدم إليه رجل قائلا: “أهلاً… أنا توماس. أعمل قريباً من هنا، في مكان يمكن أن تجد فيه شيئاً تأكله”. وأشار بإصبعه إلى منزل أصفر ذي سقف أزرق، وسأل ماقزوي: “ألا ترغب في الذهاب إلى هناك لتناول بعض الطعام؟”. نظر ماقزوي إلى الرجل ثم إلى المنزل وقال: “ربما” وانصرف بعيداً.


Pandan kèk mwa, ti gason yo vin abitye wè Toma nan zònn nan. Li te renmen pale ak moun, sitou ak moun ki viv nan katye an. Toma koute istwa lavi moun yo. Li te serye ak pasyan, li pa janm malelve ni derespektan. Kèk nan ti gason yo te kòmanse ale nan kay jòn ak ble a pou manje nan mitan jounen an.

توالت الأشهر بعد ذلك، وتعود الأولاد المشردون على رؤية توماس يرتاد المكان الذي يتواجدون فيه. كان يحب الحديث إلى الناس، وخاصة من كانوا يعيشون في الشوارع. كان يستمع إلى قصص حياتهم. وكان جدياً، صبوراً، ولم يكن قاسياً أبداً ولا قليل الاحترام لهم. بدأ بعض الصبيان يترددون على المنزل ذي اللونين الأصفر والأزرق للحصول على ما يسد رمقهم عند منتصف النهار.


Magozwe te chita sou twotwa a lap gade foto nan liv la lè Toma vin chita bò kote li. “Kisa istwa sa ye?” li mande Magozwe. “Se istwa yon ti gason ki tounen yon pilòt,” Magozwe reponn. “Kijan ti gason sa a rele?” Toma mande “Mwen pa konnen, mwen pa konn li,” Magozwe reponn byen ba.

كان ماقزوي يوما ما جالساً على الرصيف يتأمل كتاب الصور عندما جلس توماس لجانبه وسأله: “عما تحكي هذه القصة؟”. أجاب ماقزوي: “عن ولد أصبح طياراً”. قال توماس: “ما اسم هذا الولد؟” أجاب ماقزوي بهدوء: “لا أعرف. لا أستطيع القراءة”.


Magozwe kòmanse rakonte pwòp istwa li bay Toma. Li pale de tonton li, li rakonte poukisa li te sove. Toma pat pale anpil, li pa di Magozwe kisa pou’l fè men li toujou koute ak anpil atansyon. Pafwa yo te konn pale pandan yo tap manje nan kay ak do ble a.

عندما تقابلا، بدأ ماقزوي يسرد قصته على توماس، قصته مع خاله وكيف هرب منه. لم يتكلم توماس كثيرا، ولم يُمْلِ على ماقزوي ما يجب عليه فعله، لكنه كان يصغي إليه بانتباه طوال الوقت. وكانا أحياناً يواصلان حديثهما بينما يتناولان الطعام في المنزل ذي السقف الأزرق.


Lè Magozwe gen dizan, Toma ba li yon lòt liv istwa. Se te istwa yon ti gason nan yon vilaj ki te vin yon gwo jwè foutbòl popilè. Toma li istwa a pou Magozwe anpil fwa, li di li, “Mwen kwè ke li lè li tan pou’w ale lekòl pou’w aprann li. Kisa ou panse » Toma eksplike li te li konnen yon kote kote timoun ka rete enpi ale lekòl.

وبحلول عيد ميلاد ماقزوي العاشر، أهداه توماس قصةً جديدةً. كانت القصة تحكي عن ولد نشأ في قرية ليصبح بعد ذلك لاعب كرة قدم مشهور. قرأ توماس القصة مرات عديدة لماقزوي، ثم قال له في أحد الأيام: “أظن أن الوقت قد حان لتذهب إلى المدرسة وتتعلم القراءة، ما رأيك؟” وأوضح له بأنه يعرف مكانا يمكن لأطفال الشوارع أن يقيموا فيه ويرتادوا المدرسة.


Magozwe reflechi sou kote sa a, ak sou lekòl la. Li di tèt li « si tonton’m te gen rezon lè li di’m ke mwen twò bèt pou’m aprann yon bagay? Si yo kale li nan kote sa a? Li te pè. “Petèt li miyò pou li si li rete vivan nan lari a”.

فكر ماقزوي في هذا المكان الجديد وفي الذهاب إلى المدرسة وتساءل: “ماذا لو كان خاله على حق حينما نعته بالغبي؟ لن يستطيع تعلم أي شيء عند ذلك. ماذا لو قاموا بضربه في ذاك المكان الجديد؟” شعر ماقزوي بالخوف وقال محدثا نفسه: “قد يكون من الأفضل لي مواصلة العيش في الشارع”.


Li te pataje laperèz li yo ak Toma. Apre yon tan, Toma vin asire ti gason an ke lavi li tap miyò nan kote sa a.

أعلم ماقزوي توماس بمخاوفه. وبمرور الوقت طمأن توماس الصبي بأن الحياة قد تكون أفضل في المكان الجديد.


Se konsa, Magozwe al rete nan yon kay ak twa vèt la. Li pataje chanm li ak de lòt ti gason. Te gen antotal dis timoun ansanm ak tant Cissy ak mari li, twa chen, yon chat, ak yon kabrit granmoun ki te rete nan kay sa a.

لذا انتقل ماقزوي للعيش بغرفة في منزل ذي سقف أخضر. تقاسم الغرفة مع صبيين آخرين. كان المنزل يضم عشرة أولاد إلى جانب العمة سيسي وزوجها وثلاثة كلاب وقطة وعنزة عجوز.


Magozwe kòmanse lekòl men sa te difisil anpil. Li te gen anpil bagay pou li ratrape. Pafwa li pa te vle rete men li vin sonje istwa pilòt la ak jwè foutbòl la. Li fè tankou yo, li kenbe fò.

بدأ ماقزوي الدراسة. كانت صعبة في البدء، وكان عليه أن يعمل جاهداً لتدارك ضعفه. مرت عليه لحظات يأس أراد فيها أن يغادر المكان لكنه كان في كل مرة يتذكر قائد الطائرة ولاعب كرة القدم اللذين تحكي عنهما القصص، وعقد العزم على ألا يغادر المدرسة وأن يواصل تعليمه.


Magozwe te chita nan lakou kay vèt la enpi li tap li yon liv istwa lekòl la. Toma vin wè li, li te chita bò kote l. “Kisa istwa sa ye la?” Toma mande li “Se istwa yon ti gason ki tounen yon pwofesè,” Magozwe reponn. “Ki non ti gason sa a?” Toma mande li. “Non li se Magozwe,” li reponn ak yon souri.

وفي يوم من الأيام، كان ماقزوي جالسا في فناء المنزل ذي السقف الأخضر يقرأ قصة من المدرسة عندما أقبل توماس وجلس لجانبه سائلا: “عما تتحدث القصة؟” رد ماقزوي قائلا: “إنها تحكي عن صبي أصبح مدرسا” سأل توماس: “ما اسم هذا الصبي؟” أجاب ماقروي مبتسما: “اسمه ماقزوي”.


كُتِب بواسطة: Lesley Koyi
رسمة بواسطة: Wiehan de Jager
بترجمة: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
لغة: الكريولية الهايتية
مستوى: المستوى 5
المصدر: Magozwe از القصص الأفريقية القصيرة
رخصة المشاع الإبداعي
تحت مجوز المشاع الإبداعي نَسب المُصنَّف 4.0 دولي کریتز کامنز به نشر رسید.
بیشتر بخوانید سطح 5 داستان ها:
خيارات
العودة لقائمة القصص تحميل بصيغة PDF