تحميل بصيغة PDF
العودة لقائمة القصص

Simbegwire سمبقواير

كُتِب بواسطة Rukia Nantale

رسمة بواسطة Benjamin Mitchley

بترجمة ACE Haiti-University of Notre Dame USA

لغة الكريولية الهايتية

مستوى المستوى 5

سرد للقصة كاملة الصوت لهذه القصة غير متوفر.


Lè manman Simbegwire mouri, Simbegwire te tris anpil. Papa’l fè tout sa li te kapab pou’l okipe piti fi li. Ofiyamezi, yo kòmanse santi yo byen san manman an. Chak maten, yo chita ansanm pou yo pale sou kisa ka pwal pase nan jounen jodya. chak swa, yo fè manje ansanm. Lè yo finn lave asyèt yo, papa Simbegwire ede li fè devwa li.

توفيت أم سمبقواير، فحزنت البنت حزنا شديدا. فعل أبوها كل ما في وسعه للعناية بها، فبدآ رويدا رويدا يسترجعان معا شعورهما بالفرح رغم غياب الأم. كانا يجلسان كل صباح ويتناقشان فيما سيفعلانه خلال اليوم. وفي المساء، كانا يحضران العشاء معا ويغسلان الأطباق ثم يقوم أب سمبقواير بمساعدتها في القيام بفروضها المنزلية.


Yon jou, papa Simbgewire tounen lakay li pita pase anvan. Li mande Simbgerwire « Ki kote ou ye pitit mwen an? ». Simbgerwire kouri al jwenn papa li. Men, Simbgerwire kanpe lè li wè papa li tap kenbe men yon madanm. Papa a di li ak yon souri « Mwen ta renmen ou rankontre yon moun espesyal, pitit mwen an. Moun sa a se Anita »

وفي يوم من الأيام، عاد أب سمبقواير إلى المنزل متأخرا على غير عادته وهتف: “أين أنت صغيرتي؟”. أسرعت سمبقواير لاستقبال أبيها غير أنها توقفت فجأة عند ما رأت والدها يمسك بيد امرأة لا تعرفها. قال الأب مبتسما: “صغيرتي، أريدك أن تلتقي بشخص مميز … هذه أنيتا”.


Anita di li « Bonjou Simbegwire, papa ou pale’m anpil de ou ». Men, Anita pas janm souri ni pa janm kenbe li. Papa Simbegwire te gen kè kontan. Li di ke yo twa ta pral viv byen ansanm “Pitit mwen an, mwen ta byen kontan si Anita ta manman ou.

قالت أنيتا: “أهلا سمبقواير. لقد حدثني أبوك عنك كثيرا”، غير أنها لم تبتسم ولم تمسك بيد سمبقواير. وكان أب سمبقواير فرحا متحمسا، يتحدث عن حياتهم الثلاثة معا وكيف أنها ستكون رائعة وسعيدة. ثم أضاف: “صغيرتي، أرجو أن تقبلي أنيتا كأم لك”.


Lavi Simbegwire kòmanse chanje. Li pa te gen tan ankò pou li chita ak papa li chak maten. Anita te bay si tan travay pou li fè nan kay la ke li te bouke anpil epi li pat kapab fè devwa li nan aswè. Lè li finn manje, lale dirèk nan kabann li. Sèl ti konfò li se te kouvèti koulè a ke manman’l te fè pou li. Papa Simbegwire pa wè ke pitit fi li te tris.

تغيرت حياة سمبقواير ولم يعد لديها الوقت لتجلس لأبيها كل صباح. فقد كانت أنيتا تكلفها بأعمال منزلية كثيرة ترهقها وتمنعها من القيام بواجباتها المدرسية عند المساء. لذلك كانت سمبقواير تنام مباشرة بعد إنهاء الأعمال المنزلية. كان عزاءها الوحيد غطاء ملون منحتها إياه أمها قبل وفاتها. أما الأب فلم يكن بادياً عليه أنه لاحظ حزن ابنته.


Kèk tan apre, papa Simbegwire anonse ke li te gen pou vwayaje pou yon titan. « Mwen gen pou’m vwayaje pou travay mwen men mwen konnen ke tout bagay pral pase byen ». Figi Simbegwire vinn byen tris men papa a pa janm wè anyen.

وبعد بضعة أشهر أعلم الأب زوجته وابنته أنه سيبتعد لبعض الوقت. قال لهما: “سأسافر للقيام ببعض الأعمال. لكنني على ثقة من أنكما ستعتنيان ببعضكما.” تغير وجه سمبقواير لكن أباها لم يلحظ ذلك. أنيتا أيضا لم تكن سعيدة بهذا الخبر لكنها لم تنبس بكلمة.


Sitiyasyon vin pi mal pou Simbegwire. Si li pat fin travay li nan kay la oswa si li te plenyen, Anita te konn bat li. Lè pou manje, madanm nan manje pifò nan manje a enpi li kite ti kras pou Simbegwire. Chak nwit, Simbegwire kriye nan kouvèti manman li.

تدهورت حياة سمبقواير، فقد كانت أنيتا تضربها كلما اشتكت أو أنها لم تتمكن من إنهاء العمل الذي كلفتها به. أما عند العشاء فقد كانت أنيتا تستأثر لنفسها بالكمية الأكبر من الأكل ولا تترك لسمبقواير غير الفُتات. كانت سمبقواير تنام كل ليلة باكية، محتضنة الغطاء الذي أهدتها إياه أمها.


Yon maten, Simbegwire leve ta. Anita rele byen fò « Paresèz ! ». Li rale Simbegwire sòti nan kabann li. Bèl ti kouvèti manman an ki te pandye sou yon klou shire an de tibout.

وفي إحدى الأيام استيقظت سمبقواير متأخرة فصرخت أنيتا بوجهها: “أنت … أيتها البنت الكسولة” ودفعتها بقوة خارج السرير فعلق الغطاء الثمين بمسمار وتمزق إلى نصفين.


Lè sa a Simbegwire te boulvèse anpil. Li deside sove nan kay la. Li pran kouvèti chire an, li pran manje avèk li epi li kite kay la. Li swiv wout papa li te pran.

غضبت سمبقواير غضباً شديداً وقررت الهروب من المنزل. فأخذت جُزْءَيْ الغطاء وبعضاً من الطعام وغادرت المنزل متبعة الطريق التي سلكها أبوها.


Lè soley la kouche li grenpe yon pyebwa ki a kote yon ti dlo epi li fè yon kabann ak branch pyebwa a. Pandan lap kòmanse dòmi li tonbe chante ” Manman, manman, manman, ou kite’m. Ou ale epi ou pa janm tounen. Papa pa renmen’m ankò. Kilè wap tounen manman ? Ou kite’m. »

عندما أقبل المساء، تسلقت الفتاة شجرةً باسقةً على ضفة نهر وجعلت لنفسها سريراً بين أغصانها وبدأت تغني وهي تستعد للنوم: “ما ما، ماما، ماما، لقد تركتني … تركتني ولن تعودي أبدا. أبي لم يعد يحبني. ماما متى ستعودين؟”


Demen maten, Simbegwire rechante menm chante an. Lè medam yo rive nan basen an pou lave rad yo, yo tande yon chante tris kap sòti nan gwo pyebwa a. Nan kòmansman, yo te kwè ke se bwi fey yo epi yo kontinye travay yo. Men yonn nan yo kanpe pou koute chante an ak anpil atansyon.

ومن الغد غنت سمبقواير نفس الأغنية من جديد عندما كان بعض النسوة يغسلن الثياب بماء النهر. ولما سمعن الأغنية الحزينة تَصِلُهنَّ من أعلى الشجرة، ظنن أنها لا تعدو أن تكون وشوشة الريح في أوراق الشجرة وواصلن عملهن متجاهلات ما سمعن. لكن إحداهن استمعت إلى الأغنية بانتباه شديد.


Madanm sa a voye je’l nan pyebwa a epi li wè ti fi a ak mòso kouvèti koulè a. Li rele “Simbegwire, pitit frè mwen!”. Lòt medam yo kanpe lave pou yo ede Simbegwire desann pyebwa a. Matant li kòmanse bo li ak eseye konsole’l.

رفعت المرأة نظرها إلى أعلى الشجرة، وعندما رأت الفتاة وقطعتَيْ الغطاء الملونتين صاحت: “سمبقواير … ابنة أخي!”. توقفت بقية النساء عن غسل الثياب وساعدن سمبقواير على النزول من أعلى الشجرة. عانقت العمة الطفلة الصغيرة وحاولت مواساتها.


Matant Simbegwire mennen li lakay li. Li bay Simbegwire yon plat manje cho epi li mete’l dòmi nan kabann ak kouvèti manman li. Lè lannwit rive, Simbegwire tonbe dòmi kriye. Men kriye an fwa sa a se kriye kè kontan. Li konnen ke matant li ta pral okipe li.

أخذت العمة الصغيرة معها إلى منزلها وقدمت لها طعاما ساخنا ووضعتها في سرير لتنام وغطاء أمها معها. ليلتها بكت سمبقواير قبل أن تنام لكنها كانت دموع فرح وسعادة، إذ أنها أدركت بأن عمتها سوف تعتني بها.


Lè papa Simbegwire tounen lakay li, li jwenn chanb pitit fi li vid. Li mande madanm li ak kè lou « Kisa ki pase, Anita ? ». Madanm li eksplike’l ke Simbegwire kouri ale. Li di « Mwen te vle ke li rekspete’m men mwen kwè ke’m te twò di avèk li ». Papa Simbegwire soti nan kay la, lale nan direksyon basen an kote sè li rete pou’l mande li si li te wè Simbegwire.

عندما عاد أب سمبقواير إلى المنزل، وجد غرفتها خالية. انزعج الأب وسأل أنيتا عن ابنته وقلبه مثقل بالحزن: “أنيتا، ما الذي حصل؟” أجابت أنيتا بأن سمبقواير قد هربت من المنزل، مضيفة: “كنت أريدها أن تحترمني: لكن أظن أنني قد قسوت عليها بعض الشيء”. غادر الأب البيت مسرعاً في اتجاه النهر، وواصل طريقه نحو بيت أخته، أملا في أن تكون قد رأت سمبقواير.


Simbegwire tap jwe ak kouzen li yo lè li wè papa li ap vin byen lwen. Li te pè ke papa a te fache kidonk li kouri al kache anndan kay la. Men, papa a al jwenn li pou’l li di, “Simbegwire, ou te jwenn yon manman pafè pou tèt ou. Yon moun ki renmen ou ak konprann ou. Mwen fyè de ou menm, mwen renmen ou.” Yo te dakò ke Simbegwire ta rete ak matant li osi lontan ke li te vle.

كانت سمبقواير تلعب مع أبناء عمتها عندما رأت أباها مقبلا من بعيد. أصابها ذعر شديد من أن يكون غاضباً منها فأسرعت بالاختباء داخل المنزل. لكن أباها أسرع إليها قائلا: “عزيزتي سمبقواير، لقد وجدتِ أماً رائعة لك … تحبك وتفهمك، أحبك صغيرتي وأنا فخور بك”. اتفق الجميع على أن تظل سمبقواير مع عمتها طالما أرادت ذلك.


Papa a kontinye vini wè li chak jou. Yon jou li vini ak Anita. Anita lonje men bay Simbegwire enpi li di « Mwen regrèt anpil, tifi, mwen pat gen rezon ». Li mande Simbegwire « eske wap kite’m esese yon lòt fwa ankò?». Simbegwire gade papa’l anpil. Li te sispèk men ti pa ti pa lale kote Anita epi li pase de ti bra li nan ren Anita.

كان أبوها يزورها كل يوم. وأخيرا اصطحب معه أنيتا إلى منزل أخته. أمسكت أنيتا بيد سمبقواير هذه المرة وقالت باكية: “سامحيني صغيرتي، لقد أخطأت في حقك، هلا منحتني فرصة أخرى؟” نظرت سمبقواير إلى أبيها فرأت قلقا يعلو وجهه. فتقدمت ببطء نحو أنيتا وأحاطتها بذراعيها.


Lòt semen nan, Anita envite Simbegwire ak kouzen li yo ak matant li vin manje lakay li. Se te yon bèl fèt ! Anita te pare tout manje Simbegwire re renmen enpi tout moun manje vant deboutenen. Apre sa a, timoun yo ale jwe pandan granmoun you rete pale. Simbegwire te gen kè kontan. Li deside tounen lakay li byen vit pou li viv ak papa e ak bèlmè li.

ومن الغد، دعت أنيتا سمبقواير وعمتها وأبناء عمتها إلى وجبة غذاء بمنزلها. كانت مأدبةً رائعةً، إذ أن أنيتا أعدت كل الأطباق التي تحبها سمبقواير. أكل الجميع حد التخمة وانغمس الأطفال في اللعب بينما انصرف الكبار يتجاذبون أطراف الحديث. شعرت سمبقواير بالفرح وبالشجاعة وقررت أن تعود قريبا جدا للعيش مع أبيها وزوجة أبيها في منزل العائلة


كُتِب بواسطة: Rukia Nantale
رسمة بواسطة: Benjamin Mitchley
بترجمة: ACE Haiti-University of Notre Dame USA
لغة: الكريولية الهايتية
مستوى: المستوى 5
المصدر: Simbegwire از القصص الأفريقية القصيرة
رخصة المشاع الإبداعي
تحت مجوز المشاع الإبداعي نَسب المُصنَّف 3.0 دولي کریتز کامنز به نشر رسید.
بیشتر بخوانید سطح 5 داستان ها:
خيارات
العودة لقائمة القصص تحميل بصيغة PDF